Yon gwoup gason ag gwo zam nan men, pandan yap rele slogan Izlamist anvayi office yon jounal blag jodi Mèkredi a vè zòn 11 di maten e asasinen o mwen 12 moun, nan pi gwo atak ki pase la Frans nan 40 an.

Lapolis lage yon gwo rechèch deyè atakè ak mas nan figi yo, ki daprè sa ki ap sikile, volè yon machin an kouri ale, kraze yon pyeton et tire sou ofisye Lapolis.

Lapolis di ke anpil temwen tande atakè yo ki yo menm te ame de yon Kalasshikov ak lans rokèt di " Nou fè" revanj pou pwofèt la" ak "Allahu akbar" gi vle di (Bondye se pi gran).

Genyen de ofisye polis ki konfime pami moun ki mouri yoe kat lòt te blese trè grav.

Kapital Lafrans lan, Pari, te plase anba pi gwo alèt aprè atak sa a sou jounal Charlie Hebdo, yon magazin komik ki sòti chak semèn, ki te koz anpil fachman Mizilman yo pou piblikasyon profèt Mohamed.

Televizyon nouvèl yo montre anpil polis nan zòn nan, fenèt ki plen twou bal ak moun ke yo transpòte sou branka.

Atak sa pase nan yon moman kote gen anpil perèz an Frans ak anpil lòt kapital Ewopeen, akoz de gè an Irak ak Sirya kote kèk santèn sitwayen Ewopeen al goumen bò kote radikal gwoup Eta Izlamik la.

Prezidan François Hollande, ki imedyatman kouri sou sèn atak la, dekri sitiyasyon an kòm yon "babarik atak teyoris"

"Yon zak babrik eksepsyonèl a Pari kont yon jounal, ki siyifi (kont) libète ekspresyon," François Hollande mande pou " Inyon nasyonal" avan'l ajoute ke gen " anpil atak teyoris ke otorite demantle nan semèn ki sot pase yo.

Mezon Blan Etazini a kondane atak sa a "tèm ki pi fò" pandan ke Premye Minis Grand Bretay la rele'l " yon atak malad." Sou sit twitè a li di " Nou kanpe ak pèp Fransè a nan batay kont la perèz ak libète la près,"

Prezidan Ayisyen an Michel Martelly kondane ak anpil emosyon ak babarik sa a, voye o non gouvènman ak pèp Ayisyen an, kondòleyans li a gouvènman e a pèp Fransè a.